Pwopriyete Entelèktyèl ak Dwa Dotè an Ayiti: Poukisa sa Enpòtan pou Mwen

This post is also available in: English

Carel Pedre ap esplike nou poukisa li toujou ap “kriye pou foto” e poukisa atis ta dwe vle pwoteje travay pa yo menm jan tou.

Kisa pwopriyete entèlektyèl ye? Pwopriyete entèlektyèl se yon bagay ke ou kreye, se yon bagay ki pat egziste avan ke ou kreye: yon logo, yon foto ke’w fe, yon mizik ke ou kreye. Sa, pou mwen, ale odela de yon byen materyèl ou genyen. Mwen ka desann anba lavil la e yo vòlè telefòn mwen, ou byen kraze vit machin mwen, men sa se bagay mwen ka ranplase, m’ap ka achte yon lòt. Men yon “ouvre d’art” ou byen travay yon atis, yon bagay ke ou kreye, pa egzanp yon mizik ou byen yon tablo ke ou pentire—si ou pèdi sa, menm si ou eseye rekreye li, l’ap vin yon bagay totalman diferan. Ou paka ranplase li. Bagay sa yo se zev inik, yon foto (a mwens ke se yon objè fiks ke w’ap fe foto li)  imaj ra ke ou pran an p’ap janm menm jan paske kondisyon ki te fè foto sa bèl p’ap janm menm jan. Donk pou mwen menm yon travay kreyatif ta sipoze yon bagay moun plis respekte. Orijinalite se yon bagay ki diven e ki ekstraòdinè, e m panse s’on bagay lèzòm ta dwe bay anpil valè.

Orijinalite se yon bagay ki diven e ki ekstraòdinè

An ayiti pwopriyete entèlektyèl, pa respekte sa, yo pa bay li valè. Yon moun ka vin ak on slogan, epi on lot pran li e le fèt ke li pi popilè fè li fè plis kòb avèk slogan ki pat menm pou li a. Yon moun ka konpoze yon mizik, moun jwe piblisite avèk li, yo jwe li nan tout radyo, e konpozitè a pa fè on goud. E le fèt ke nou pa abitye avèk dwa dotè, pa gen pyes moun ki panse a pwoteje a dwa yo antan ke moun kreyatif. Pa menm gen lwa sou sa an Ayiti, se sèlman yon dekrè nou gen sou sa. Sa fè nou antre nan yon sitiyasyon “non retour” en Ayiti. Non retour nan yon sans kote, moun nan panse ke sa ki pou ou a, sa ou kreye a se yon bagay li ka pran san ba ou kredi.

Yon bagay trèz enpotan nou dwe fè en Ayiti se sanbilize atis sou enpotans travay  ke yo kreye. Non sèlman piblik la pa respekte travay atis la, men atis la pa konn enpotans èv pa’l la pou li mande respè pou li. Si atis yo pa mete men e fè presyon pou yon lwa sou dwa d’otè pase nan peyi  a, nou pa ladann paske peyi a gen anpil pwoblem e dwa dotè se yon bagay ki trè ba nan lis priyorite nou. Men Pwopriyete entèlektyèl la si nou te konmanse respekte li, nou t’ap ka bay moun plis travay, e t’ap genyen plis moun kreyatif sou sèn lan.

Ou menm atis, men poukisa pwopriyete entèlektyèl ta dwe enpotan pou ou tou: bourik ap kreye pou chwal fè lajan.

Ou menm atis, men poukisa pwopriyete entèlektyèl ta dwe enpotan pou ou tou: bourik ap kreye pou chwal fè lajan. Yon foto ke ou poste, ke ou pran tan’w pou’w fe, ou achte materyèl pou’w fè, yon lòt moun kapab pran’l mete logo pa yo sou li e menm retire logo pa’w. Yon videyo ke ou fè e ou poste sou entenet la, videyo a enteresan— yon lòt moun ka download li mete sou paj pa li, e li fè kont kob li avek li e li vin pi popile a koz de travay pa ou. Bagay sa deranje’m, e se pou sa mwen pare pou’m goumen ak tout moun ki pran travay pa’m. Kreyativite ou se richès ou, ou menm tou fòk ou pare pou’w goumen pou li.

No Comments Yet

Comments are closed